Minist?re de la Sant? Publique et de la Population
Direction de Promotion de la Sant? et de la Protection de l?Environnement
(DPSPE)
vendredi 22 octobre 2010
Messages de sensibilisation valid?s en r?ponse ? ?pid?mie d?clar?e de cholera
Pour diffusion imm?diate au sein des communaut?s et familles
MESAJ PREVANSYON POU LITE KONT KOLERA
Maladi Kolera se yon maladi moun pran nan manje ki mal kwit ak s?vi ak dlo ki pa trete.
Men k?k kons?y Minist? sante Piblik ak patn? li yo ap bay popilasyon an:
Mesaj #1
Pa manje okenn legim kri
- Byen kwit tout manje nap manje, sitou b?t ki sot nan lanm? oswa nan larivy? tankou pwason, krab, kribich, elatriye
- Lave fwi yo ak dlo trete anvan nou manje yo
- Kouvri tout manje ak sa nou ap bw? pou mouch pa poze sou yo
- Pran prekosyon ak tout sa nap bw? nan lari tankou dlo nan gode, nan bidon oswa nan sach?, ak l?t likid tankou ji, kr?m, fresko, tikaw?l, elatriye
Mesaj #2
Trete dlo nap s?vi a
- Byen trete tout dlo nap s?vi ak pwodwi ki f?t pou sa:
Mete 5 gout jif nan chak galon dlo kite l poze pandan 30 minit anvan ou s?vi avek li
S?vi ak Akwatab;
Bouyi dlo a
- Pa bw? dlo larivy?, ni dlo sous
Mesaj #3
Jere wat? ak fatra yo
- Pa f? bezwen nou at?, b? sous dlo, nan sach?, nan mamit
Minist?re de la Sant? Publique et de la Population
Direction de Promotion de la Sant? et de la Protection de l?Environnement
(DPSPE)
vendredi 22 octobre 2010
- F? bezwen nou nan latrin apr?sa kouvri bouche latrin yo
- Jete poupou timoun yo nan latrin, oswa fouye yon twou byen fon pou mete yo, apresa
bouche twou a
- Pa mete men nan vomisman, mete vomisman yo nan latrine pi lave men noua k savon to swit
- Pa kite fatra b? kote nap viv pou mouch pa poze sou yo epi al poze sou sa nap s?vi
- Sanble fatra yo, epi boule yo lwen kote nou rete
Mesaj #4
Lave men nou ak dlo ak savon plizi? fwa nan jounen an, sitou:
- L? nou sot f? bezwen nou,
- Anvan nou manje,
- Anvan nou prepare manje,
- Anvan nou touche ak okipe tibebe yo,
- L? nou sot touche yon moun ki malad,
- L? nou sot nan lari epi nou rantre lakay nou
- L? nou fin manyen yon bagay l?t moun te deja manyen: tankou telef?n, lajan, elatriye
- L? nou sot manyen yon moun ki gen dyare ak vomisman
Mesaj #5
Kouman pou nou lave men nou
- Lave men ak savon anban tiyo, oswa mande yon moun vide dlo a sou men nou
- Byen mouye men nou anvan nou savonnen yo
- Fwote zong, pwent dw?t, pla men nou ak do men yo
- Rense yo byen rense
- Souke yo pou yo seche
Mesaj# 6
Pou moun kap viv ak malad
- Sonje, r?g ijy?n yo ap ede nou pwoteje t?t nou kont kolera
- Byen lave men nou chak fwa nou sot ankontak ak moun ki malad la
- Lave ak klwow?ks rad, asy?t, kouv? ak tout sa ki sal ak twal?t oswa vomisman moun ki malad la
- Sonje, pa mete men nan bouch nou.
Minist?re de la Sant? Publique et de la Population
Direction de Promotion de la Sant? et de la Protection de l?Environnement
(DPSPE)
vendredi 22 octobre 2010
Mesaj #7
Moun ki gen kolera
- Mennen san p?ditan tout moun ki gen dyare ak vomisman nan sant sante
- Bw? anpil likid pandan jounen an : dlo trete, sew?m oral, ji ki byen prepare
- Toujou bay tibebe yo tete pandan nap swiv r?g ijy?n yo
Mesaj #8
Kouman pou nou prepare sew?m oral
- Vide 3 bout?y kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwow?ks
- Vide 1 ti sach? sew?m oral nan dlo a
- Bwase li ak yon kiy? oswa yon louch ki lave ak klwow?ks
Si ou pa gen ti sach? sew?m oral la :
- Mete 3 bout?y kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwow?ks
- Mete 3 ti kiy? sik nan dlo a
- Mete 1 ti ky? s?l
- Mete 1 priz bikabonat
- Pije 1 b? sitron ladan l
- Bwase li ak yon kiy? oswa yon louch ki lave ak klwow?ks
Sonje kouvri veso ki gen dlo sew?l oral la ak kouv?ti ki pw?p chak fwa ou fin bw? ladan l.
Is this real?